Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Putin: 'Zam Ris Yo Ap Byen Pase sou Chan Batay Yo'


UKRAINE-CRISIS/MILITARY-PUTIN
UKRAINE-CRISIS/MILITARY-PUTIN

Prezidan Ris Vladimir Putin fè lyanj zam Ris yo e li pwopoze zam sa yo ki fabrike nan Larisi bay alye li yo. Li di ke zam sa yo te pwouve tèt yo sou chan batay la, tankou nan mitan operasyon espesyal militè Ris nan Ikrèn.

Putin deklare "Nou pare pou ofri alye nou yo ak patnè nou yo kalite zam sa yo ki pi modèn, zam enfantri rive nan machin blende yo, avyasyon konba oswa dron."

"Tout kote atravè mond lan (zam sa yo) yo apresye yo pou jan yo fonksyone sou chan batay yo pou fyabilite yo, bon jan kalite yo ak efikasite yo."

Chèf Kremlin an t ap pale konsa nan yon fwa entènasyonal sou zam ki te òganize pou yon semèn nan Kubinka, yon rejyon Moskou, kote te gen anviwon 1,500 patisipan.

Vladimir Putin te di ke Larisi te gen "anpil alye". Li te refere li an patikilye ak alye nan kontinan Amerik Latin, Azi ak Lafrik. "

XS
SM
MD
LG