Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Palman Ris la Apwouve yon Lwa ki Pèmèt Leta Sezi Byen Nenpòt Moun ki Bay 'Fo Nouvèl' sou Lame Peyi a


Russian President Vladimir Putin meets with his confidants for the 2024 election in Moscow
Russian President Vladimir Putin meets with his confidants for the 2024 election in Moscow

Mèkredi 31 janvye, chanm depite palman ris la apwouve yon nouvo lwa ki pral pèmèt otorite yo konfiske byen kelkeswa moun ki ta jwenn kondanasyon nan pwopaje fo nouvèl sou lame a.

Chanm nan, “Duma Eta” a, apwouve pwojè-lwa a nan twazyèm ak dènye lekti li ki te fè nan yon seyans asanble jeneral ki te pase sou televizyon.

Mezi a pral sèvi tou pou moun yo jwenn koupab kòmkwa yo "diskredite" fòs lame yo, moun ki mande sanksyon kont Larisi ak moun yo jwenn koupab kòmkwa yo ap ankouraje aktivite ekstremis.

Nouvo lwa a ki pral bezwen pou Sena a apwouve li, e ki apre sa pwal jwenn Prezidan Vladimir Putin, ta pèmèt leta sezi tou byen tout sitwayen ki kite peyi a, e ki fè kritik nan peyi etranje kont lagè Larisi ap mennen nan Ikrèn nan.

XS
SM
MD
LG