Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Rankont Wang Kejian Ak Ismail Haniyeh


Qatar-based Hamas leader Ismail Haniyeh speaking in Doha in a file picture from December 20, 2023 © - / Iranian Foreign Ministry/AFP/File
Qatar-based Hamas leader Ismail Haniyeh speaking in Doha in a file picture from December 20, 2023 © - / Iranian Foreign Ministry/AFP/File

Ministè Afè Etranjè chinwa a rekonèt ayè madi a ke diplomat li Wang Kejian te rankontre ak lidè gwoup militan palestinyen Hamas, Ismail Haniyeh, dimanch la nan Katar pou yo pale sou konfli Gaza a.

Nan yon deklarasyon tou kout, minister a di Wang ak Haniyeh te diskite sou konfli a men li pa bay detay.

Se premye fwa LaChin enfòme ke te gen rankont ant anvwaye chinwa a ak Hamas depi militan te atake Izrayèl 7 Oktob pase, touye 1.200 Izraelyen epi ale ak apeprè 200 otaj.

Kont-ofansiv Izrayèl nan Gaza a touye preske 32.000 Palestinyen, 2 tyè nan yo fanm ak timoun, dapre responsab sante yo nan Gaza. Lame Izrayèl la fè konnen li touye dè milye konbatan Hamas.

Rankont ant diplomat chinwa ak lidè Hamas la fèt sèlman 2 semenn apre Wang te rankontre separeman ant otorite

ki te soti Izrael ak nan Pouvwa Palestinyen an nan kad efò Peken pou rezoud konfli a nan diplomasi.

XS
SM
MD
LG