Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Blinken Rankontre ak Otorite izrayelyen nan Tel Aviv


Israel Palestinians US Blinken
Israel Palestinians US Blinken

Sekretè Deta Etazini Antony Blinken rankontre ak otorite izrayelyen nan Tel Aviv jodi vandredi a nan yon efò ki enpòtan anpil pou jwenn yon kanpo nan batay ant Izrayèl ak gwoup militan Hamas, nan moman Konsèy Sekirite l-ONU an ap pare pou vote sou yon pwojè rezolisyon ke Etazini pwopoze ki mande yon pòz touswit nan batay yo.

Blinken rankkontre an prive ak Premye-minis izraelyen Benjamin Netanyahu – e apre sa li te gen yon diskisyon ak kabinè lagè Izrael la – pou kovenk yo pou yo pa lanse ofansiv militè nan vil Rafah nan sid Gaza, sa ki, dapre anpil manm konsèy la, pwal agrave kriz imanitè sou teritwa a.

Izrael di ofansiv sa a nesesè pou akonpli bu li ki se bat Hamas e asire ke gwoup la ke Etazini deziye kòm teworis paka janm ka lanse yon lòt atak tankou sa li te fè 7 Oktob pase a sou Izrayèl.

XS
SM
MD
LG