Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Kanpe Goumen nan Gaza: Larisi ak Lachin Mete Veto sou yon Rezolisyon Etazini Pwopoze


UN Security Council
UN Security Council

Larisi ak Lachin mete veto vandredi 22 Mas sou yon rezolisyon Etazini te pwopoze nan konsèy sekirite Nasyonzini an ki ensiste sou "bezwen" pou Izrayèl ak Hamas kanpe goumen touswit nan Gaza. Anbasadè Ris la denonse yon tèks ke li konsidere kòm "ipokrit" ki pa mande dirèkteman pou zam yo sispann chante nan Gaza.

Pwojè rezolisyon Ameriken an ensiste sou "bezwen pou gen yon pòz touswit e ki ka dire," ki makònen ak liberasyon tout rès otaj yo.

Propozisyon an te jwenn 11 vwa anfavè li, 3 vwa kont (Larisi, Lachin ak Aljeri) ak yon manm ki pa vote (Giyàn).

XS
SM
MD
LG