Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Mayorkas: Lwa Imigrasyon Texas la Enkonstitisyonèl


Sekrete Sekirite Nasyonal Etazini Alejandro Mayorkas pandan yon konferans pou lapres nan Guatemala Siti, Guatemala, 21 Mas, 2024.
Sekrete Sekirite Nasyonal Etazini Alejandro Mayorkas pandan yon konferans pou lapres nan Guatemala Siti, Guatemala, 21 Mas, 2024.

Sekretè Sekirite Nasyonal la, Alejandro Mayorkas deklare lwa eta Texas adopte ki bay otorite eta a pouvwa pou arete epi depòte migran ki antre Etazini ilegalman pa konstitisyonèl.

Mayorkas te pran la pawòl Jedi pandan yon konferans pou laprès konjwen ak Prezidan Guatemala, Bernardo Arevalo nan kapital Guatemala.

Mayorkas deklare "nou kwè ak tout fòs nou ke lwa SB4 la (lwa eta Texas) enkonstitisyonèl e nou espere e nou gen konfyans ke tribinal yo pral entèdi l yon fwa pou tout."

Yon panèl 3 jij Kou d Apèl 5èm Sikui a te tande agiman sou lwa Texas la Mèkredi, men li poko pran yon desizyon.

Pou kounyea lwa a poko aplikab.

XS
SM
MD
LG