Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Kanada Kòmanse Evakye Sitwayen Vilnerab li yo Soti Ayiti


Moun mache devan Anbasad Kanada nan Potoprens, Ayiti, 21 Mas, 2024.
Moun mache devan Anbasad Kanada nan Potoprens, Ayiti, 21 Mas, 2024.

Kanada kòmanse evakye Lendi sitwayen Kanadyen ki vle pati kite Ayiti nan moman zak vyolans gang vyolans gang yo ap pwopaje pi plis. Minis Afè Etranje Melanie Joly fè konnen yo priyorize moun ki pi vilnerab yo.

Depa etranje kap viv Ayiti ogmante anpil pandan jou ki pase yo nan moman avni peyi a ensèten epi gang ame yo ap pran kontwòl plis teritwa nan kapital la ak lòt vil ankò.

Konfli ame a lakoz plizyè milye moun mouri epi dè santèn milye oblije kouri kite kay yo. Yon vag atak mwa sa a te enkli konfwontasyon ak komisarya lapolis, atak kont ayeropò entènasyonal la epi sispansyon vòl komèsyal yo.

Joly di jounalis yo: "Nou konnen ensekirite a deteryore pandan semèn ki pase yo e moun ki vle kite Ayiti patka fè sa akoz sityasyon an ozalantou ayeropò Pòtoprens la."

XS
SM
MD
LG