Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

UNICEF: Timoun Ayisyen yo An Danje Pou Mouri Grangou


Haiti UNICEF
Haiti UNICEF

UNICEF di li paka konte mezi timoun ki an danje pou mouri ak grangou ann Ayiti pandan gang ap chache gen plis pouvwa e pandan kriz imanitè ap vin pi grav, dapre sa Direktris Ekzekitif UNICEF Catherine Russell di ayè madi a.

“Vyolans ak enstabilite ann Ayiti gen konsekans ki ale pi lwen pase vyolans la li menm, » se sa li di nan yon nòt pou laprès.

Russell di plis pase 125-mil timoun anba menas malnitrisyon grav, pandan « tout bagay pare pou livrezon pwovizyon ki ka sove lavi yo, si vyolans-la sispann e si wout yo ouvri. »

XS
SM
MD
LG