Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Nan yon Kominike Pou Laprès, Konsèy Prezidansyèl ki pwal pran Kontwòl Ayiti a Pwomèt pou l Retabli Lòd Piblik


Blinken US Haiti Violence
Blinken US Haiti Violence

Yon konsèy prezidansyèl ke anpil moun ap tann ann Ayiti, ki ta dwe pran tèt peyi a apre anons Premye Minis Henry ki te fè konnen lap demisyonen, li pibliye yon nòt Mèkredi 27 mas 2024 la kote li pwomèt pou retabli "lòd piblik ak demokratik".

Manm konsèy la ki pako sou pye ofisyèlman ekri. "Depi konsèy prezidansyèl la enstale, li pral nonmen yon Premye Minis, ak manm yon gouvènman inite nasyonal epi pèmèt Ayiti tounen sou wout yon demokrasi lejitim, estabilite ak diyite,"

Yo ajoute "Ansanm nou pral egzekite yon plan aksyon klè ki vize retabli lòd piblik ak demokratik".

"Nou detèmine pou soulaje soufrans pèp ayisyen an, ki bloke depi twò lontan anba move gouvènans, yon vyolans ki gen divès aspè, ak yon leta ki meprize vizyon pèp la ak bezwen li".

Premye Minis Ariel Henry te anonse 11 Mas pase ke li ap demisyon kou konsèy la enstale, nan yon moman kote Ayiti, ki te deja anba yon gwo kriz politik ak ensekirite, te fè fas ak plis vyolans gang yo ki t ap ap reklame depa PM Ariel Henry.

Menm jou 11 Mas sa a, yon reyinyon reprezantan ayisyen ak reprezantan plizyè peyi ak òganizasyon ki te rankontre ak Kominote Karayib la (Caricom), te debouche sou anons pou fòme yon Konsèy prezidansyèl tranzisyon.

Enstitisyon sa a dwe reprezante prensipal fòs politik ayisyen yo ansanm ak sektè prive a, sosyete sivil la ak kominote relijye a. Li dwe gen sèt manm ki ka vote ak de manm obsèvatè ki pa gen dwa vote.

XS
SM
MD
LG