Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Biden Ap Chache Chita Koze Ak Kore di Nò


Commuters watch a TV showing a file image of North Korean leader Kim Jong Un and U.S. President Joe Biden during a news program at the Suseo Railway Station in Seoul, South Korea, Friday. March 26, 2021.
Commuters watch a TV showing a file image of North Korean leader Kim Jong Un and U.S. President Joe Biden during a news program at the Suseo Railway Station in Seoul, South Korea, Friday. March 26, 2021.

Administrasyon Biden nan ap fè kèk efò diplomatik pou rive gen chita-koze ak Kore di Nò e prezante piblikman kèk pwopozisyon pi klè pou angaje l ak peyi sa a, pou premye fwa depi Biden te moute nan pouvwa a.

“Nou vle dyalòg, e gen anpil diskisyon valab pou nou fè» ke nou te dwe gen deja ak Repiblik Popilè Demokratik Kore (DPRK), se pawòl Jong Pak, ki se prensipal otorite ameriken pou kesyon Kore di Nò.

Pami sijè diskisyon yo gen sanksyon yo, koperasyon imanitè ak mezi pou bati konfyans ant 2 nasyon yo, se Pak ki pale konsa nan yon aktivite 18 Mas pase nan Sant Pou Etid Estratejik ak Entènasyonal nan Washington.

Li ajoute ke Etazini vle pou Kore di Nò fè kèk pa pou diminye risk, pou evite move kalkil ki ta ka lakoz yon sityasyon vin pi grav. Etazini vle tou pou Pyongyang pran chimen pou detwi zam nikleyè li, se sa Pak te di nan yon lòt aktivite anba lobedyans Ankadreman Carnegie pou Lapè Entènasyonal, 5 Mas pase.

XS
SM
MD
LG