VOA 60: Jounen Mondyal Laprès
Nasyonzini estime jedi a depans pou rekonstwi Gaza, ke Izrayèl detwi nan lagè li kont Hamas la ap koute ant 30 ak 40 milya dola. Se premye fwa gen kokenn destriksyon sa a nan teritwa a.
Mouvman pwotestasyon ki kouvri kounyea dè douzèn kanpis inivèsite nan Etazini ak apèl pou mande inivèsite yo sispann bay Izrayèl don, lòt òganizasyon militan ap laji li pou rive sou konpayi ameriken ki fè biznis ak Izrayèl oubyen ki konekte ak ekonomi li.
Chanm komès ameriken-ayisyen florid òganize yon rankont 2 jou pou ede popilasyon jwenn enfòmasyon pou louvri yon aktivite nan eta a.
Travayè ak aktivis toupatou nan mond lan make Fèt Travay la, premye Me ak manifestasyon lajman pasitik kote yo tap pwoteste kont pri pwodui kap ogmante, epi mande plis dwa pou travayè yo. Moun te ka wè pannkat ki eksprime solidarite pou Palestinyen yo tou.
Plizyè sitwayen Ayisyen nan 2yèm vil peyi a, Okap, ap revann gaz nan Lari pou konbat lavi chè ak mizè. Ann al gad sa pi pre ak Fred Cayemitte.
Moun nan nòdès Ayiti kòmanse travay samdi 27 avril nan konstriksyon yon kanal irigasyon nan moman kote peyi a ap tann konsèy prezidansyèl tranzisyon ki fèk enstale a nonmen yon prezidan pwovizwa ki ap gen pou mete sekirite nan peyi a apre plizyè mwa vyolans gang ki ogmante.
Anpil sitwayen ayisyen antre nan aktivite re-vann gaz kòm mwayen pou yo viv nan yon moman kote fanmi yo ap konbat mizè.
Pap Franswa, ki te pale devan plizyè milye moun ki te rasanble sou plas Sen Mak nan vil Veniz ann Itali, di li ap reflechi sou soufrans pèp Ayisyen an.
Sitiyasyon imanitè ann Ayiti vin pi mal dapre Direktè Egzekitif Adjwen Pwogram Alimente Mondyal la Carl Skau ki sot f è yon vizit ann Ayiti.
Ministè Sante Hamas anonse vandredi 26 Avril la yon nouvo bilan moun ki pèdi lavi yo nan lagè a.
Manifestan te pran lari Ajantin pou pwoteste kont politik ekonomik peyi a. Marie Luce Pierre gen detay
Load more