Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Kongrè Ameriken an ap Travay Pou Yo Kenbe Gouvènman


Congress Budget
Congress Budget

Palmantè yo nan Kongrè Etazini an ap travay vit pou yo pase dènye pake pwojè-lwa ki nesesè pou ane bidjè a, pandan yo ap aji, bagay ki te dwe fèt lontan, pou bay finansman pou ajans federal yo e anpeche gouvènman-an fèmen pou pàn lajan.

Pandan plizyè ajans federal kle ap pran pàn finansman a minwi jodi vandredi a, Chanm Depite a ak Sena a ka aji pou sove yon seri mezi pou yon valè yon trilyon 200 milya dola ki konbine 6 pwojè-lwa pou ane bidjè a pou fè yon sèl pake. Plis pase 70 pousan lajan sa a ta ale nan defans.

Palmantè yo revolte kont sa ki tounen yon abitid kote Demokrat yo mande yo vote pou yon pakèt pwojè-lwa konplèks lè yo gen yon ti kras tan pou yo analize yo, oswa fè fas ak fèmti gouvènman an akoz mank finansman.

XS
SM
MD
LG