Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Kou Siprèm Etazini ap Tande Dosye Trump la sou Iminite Prezidansyèl


Yon manifestan kenbe yon pannkat ki di "Tout moun dwe respekte lwa peyi a" devan Kou Siprem nan, nan moman yap tande dosye Trump la, nan Washington, 25 Avril, 2024.
Yon manifestan kenbe yon pannkat ki di "Tout moun dwe respekte lwa peyi a" devan Kou Siprem nan, nan moman yap tande dosye Trump la, nan Washington, 25 Avril, 2024.

Kou Siprèm Etazini tande Jedi dosye Donald Trump la ki se yon tantativ pou evite lajistis kondane li pou jefo li te fè pou ranvèse eleksyon 2020 an. Li te pèdi eleksyon sa a devan Demokrat Joe Biden.

Avoka Trump yo prezante agiman kom kwa ansyen prezidan ta dwe jwi iminite absoli pou aktivite ofisyèl yo te mennen. Yo di si yo pa fè sa ansyen prezidan Etazini ta ka fè fas ak pèsekisyon pou rezon politik. Yo ajoute prezidan yo pata ka fonksyone kom komandan an chef si yo gen ke sote pou moun trennen yo devan lajistis pi ta.

Mèt Espesyal Michael Dreeben, ki se avoka akizasyon an deklare le fèt ke okenn lot prezidan poko janm fè fas ak akizasyon kriminèl souliyen le fèt ke se yon bagay Ameriken poko janm konstate - an palan de ranvèse rezilta yon eleksyon ke li pèdi.

"Donk Jij Thomas mwen kwe se yon kestyon santral. Rezon ki fe okenn prezidan pat fè fas ak enkilpasyon se paske yo pat komèt krim."

Tribinal odinè yo rejte agiman sa yo - pami yo yon panèl 3 jij nan yon kou d'apèl nan Washington kote tout jij yo te rejte l. Menm si Kou Siprèm nan pa fè mèman parèyman, moman li chwazi pou l pwononse desizyon li ap osi enpotan ke sa li deside.

Poukisa? Se paske Trump, ki se kandida prezime pati Repibliken an pou prezidans la an 2024, ap mennen jefo pou fè yo ranvwaye pwosè a jiska apre eleksyon Novanm nan. Plis jij kou siprèm yo tade nan prezantasyon desizyon yo, se plis misye ap gen chans pou l ranpote siksè.

Tipikman Kou Siprèm nan pibliye dènye opinyon li yo nan fen mwad Jyen an, ki se sèlman 4 mwa anvan eleksyon an.

Manifestan te rasanble devan Kou Siprem nan pou eksprime opinyon yo. Gen kek ki te chante Ou pa ka kache Kou Siprem, nou ka we kote fachis ou. Epi lot te chante Tout moun dwe respekte lwa peyi a.

XS
SM
MD
LG