Jiri k ap tande pwosè Donald Trump nan New York rantre lakay yo jodi a apre yon finn tande depozisyon yon temwen kle nan pwosè a.
Yon jij federal ameriken rejte ayè jedi a apèl Donald Trump kont vèdik yon pwosè difamasyon ki te soti anfavè E. Jean Carroll ki te konn ekri kwonik nan jounal, ki te di ke ansyen prezidan an te lage vèni sou li apre akizasyon ke msye te vyole li sa gen dè dizèn lane.
Kou Siprèm Etazini an sanble gen dout sou pawòl ansyen Prezidan Donald Trump ki di li gen pwoteksyon absoli kont pwosè kriminèl pou aksyon ofisyèl li lè li te alatèt peyi a, men plizyè jij doute sou kèk detay nan akizasyon ki sou do li pou pwosè federal ki pwal fèt kont li.
Kou Siprèm Etazini tande Jedi dosye Donald Trump la ki se yon tantativ pou evite lajistis kondane li pou jefo li te fè pou ranvèse eleksyon 2020 an. Li te pèdi eleksyon sa a devan Demokrat Joe Biden.
Yon Kou Sipreyè nan zile La Dominik rejte yon lwa ki egizste depi epòk kolonyal la ki rann relasyon seksyèl ant moun menm sèks la yon krim.
KYIV, Ikrèn (AP) — Prezidan Ikrèn Vladimir Zelenskyy di ke yon atak misil Ris kraze yon antèn televizyon nan Kharkiv, e li fè konnen ke atak sa antre nan kad travay entimidasyon ke Kremlin an ap fè sou pèp Ikrenyen an.
Avoka akizasyon an nan dosye Trump la mande jij la Madi pou l fè akize a peye yon amann pou dezobeyisans li fas ak lod baboukèt li te pase a.
Ansyen Prezidan Ayisyen Jocelerme Privert te reponn konvokasyon Jij enstriktè Merlan Bellabre te fèl nan kad ankèt jij la ap mennen sou dosye koripsyon ki lye nan sant nasyonal ekipman CNE... Detay Matiado Vilme
Donald Trump rive nan tribinal Nouyok 22 Avril pou koute avoka akizasyon yo esplike poukisa misye te vyole lwa Etazini lè li te eseye kache le fèt ke li te peye yon vedèt film porno lajan an kachèt pou li pa mete verite deyo sou relasyon seksyèl yo te genyen, ki taka gate chans li pou l eli an 2016.
Load more