Vladimir Joseph, yon nèg otorite Okap arete nan moman li tap esye pati al Ozetazini anba pwogram Biden nan demanti li se chèf gang Savien. "Bon m pa menm konn zon sa yo menm" misye deklare. Komisè Okap ap mennen ankèt pou wè si yo arete l pa erè.
Pa gen manje, pa gen medikaman, pa gen dlo, se rezon sa a chèf pakè Okay la Ronald Richemond bay kom rezon ki fè yo deside libere yon seri prizonye ki te fèmen pou "enfraksyon minè".
Gwo eskandal pete nan Gana apre yon yon prèt te marye ak yon tifi 13 an, sa ki te fè moun sezi nan peyi wès Afrik la, e anpil moun leve vwa yo pou mande arete Prèt la.
JOHANNESBURG (AP) — Prezidan Asanble Nasyonal Afrik di Sid la demisyone, li abandone chèz li nan palman an poutèt akizasyon koripsyon ki tonbe sou do li.
Sipò ap moute nan nasyon yo ann Afrik ak nan Karayib la pou kreyasyon yon tribinal entènasyonal sou zak atwosite ki te fèt depi epòk komès esklav ki te konn travèse Oseyan Atlantik la, e Etazini apiye yon panel nan l-ONU ki nan mitan efò sa a.
Pakè Okap la klase dosye legal ki te depoze kont YouTuber Ameriken Addison Pierre Maalouf an koneksyon ak yon machin li te lwe "san suit". Mèt ki jere dosye a di tou le 2 pati yo antann yo pou rezoud mezantant ki te lakoz YouTuber a patka pran avyon pou tounen Etazini Lendi 1 Avril la.
Tribinal d apèl Nouvèl Orleans an ap tande semen pwochen avoka gouvènman federal la ak eta Texas si wi ou non eta a dwe aplike lwa kontwovèse sou imigrasyon.
Nan Pòtoprens, nouvel fè konnen ansyen prezidan Chanm Depite a Cholzer Chancy jwenn liberasyon l . Matiado Vilmé
LOS ANGELES (AP) — Yon avoka ki ap defann Sean "Diddy" Combs di desantdelye nan kay li yo nan Miami ak Los Angeles se "yon izaj fòs militè ki pa te nesesè."
Kou Siprem Etazini ap Tande yon Pwose sou yon Medikaman pou Fe Dilatasyon jodia. Sandra Lemaire di nou – desizyon jij yo taka gen enpak fi toupatou Ozetazini.
Ajan spesyalize depatman sekirite enteryè Etazini fouye 2 rezidans gwo atis amriken Sean P Diddy Combs yè lendi-a. Serge Rodriguez ap di nou plis.
Load more