Svoboda | Graniru | BBC Russia | Golosameriki | Facebook

Accessibility links

Breaking News

Otorite Federal yo Opoze Lide pou Rann Piblik Affidavit pou Manda Fouy Mar-a-Lago a


Kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, Mekredi 10 Out, 2022.
Kay ansyen Prezidan Donald Trump la, Mar-a-Lago, nan Palm Beach, Florid, Mekredi 10 Out, 2022.

Depatman Jistis la repouse jefo kap fèt pou rann piblik affidafit ki apiye manda pou fouye kay ansyen Prezidan Donald Trump nan eta FLorid.

Nan dokiman tribinal la resevwa Lendi, avoka akizasyon yo di ankèt la gen pou wè ak "materyo sekirite maksimom" e ke affidavit la gen ladann enfomasyon sansib sou temwen yo.

Opozisyon gouvènman an vini kom repons a demann plizyè medya fè - pami yo Associated Press - pou mande jij la rann piblik affidafit Depatman Jistis la te prezante lè li te mande otorizasyon pou yon manda pou fouye kay Trump la, Mar-a-Lago.

Avoka akizasyon yo di si dokiman an vinn piblik, li ta koze "gwo dega ireparab nan ankèt kriminèl la kap rapousuiv."

XS
SM
MD
LG