Etazini dwe anplwaye tout mwayen ki nan men li pou depase LaChin nan konpetisyon, se pawol yon gwo responsab nan Depatman Deta ki pa vle non li site, ayè lendi a, pandan administrasyon Biden nan sot devwale bidjè li pou ane fiscal 2025 la.
NEW YORK (AP) — Repibliken yo nan Chanm Depite Etazini an ap vanse ak yon pwojè lwa ki ta mande konpayi chinwa ByteDance vann TikTok oswa fè fas a yon entèdiksyon aplikasyon an ozetazini menm lè ansyen Prezidan Donald Trump ap eksprime opozisyon kont efò sa a.
PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Premye-Minis ayisyen Ariel Henry anonse li ap demisyone depi gen yon konsèy prezidansyèl pou fè tranzisyon an.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry anrejistre yon videyo an Kreyòl kote li anonse li pral demisyonnen apre fòmasyon yon konsèy tranzisyon prezidansyèl.
Prezidan peyi Salvado, Nayib Bukele deklare li ka jere pwoblèm gang peyi d Ayiti, men jan li te fè l lakay li.
Anvwaye espesyal VOA Kreyòl, Valerio Saint Louis, depi otel Pegasus nan Jamayik nan Kingston k ap akeyi reyinyon ann ijans Caricom sou sitiyasyon an ann Ayiti, ak prezans Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken
VOA Kreyol rive San Juan, Potoriko kote Premye Minis Ayisyen Ariel Henry ye. Nou pa wè manifestan devan otèl la. Responsab otèl la pat vle konfime si wi ou non PM lan ebèje la. Anpil kestyon ap poze kounyea sou kisa premye minis la pral fè. Valerio Saint Loui gen detay depi San Juan.
Nan Diskou sou Eta Inyon an oubyen eta Nasyon an, Prezidan Joe Biden atake vizyon ansyen Prezidan Donald Trump pou Etazini, kritike Izrayèl, e gen moun nan piblik ki te prezan-an ki te defye l sou kesyon imigrasyon.
MIAMI (AP) — Apre Premye Minis ayisyen Ariel Henry te pran tèt peyi a an 2021 apre asasinay prezidan Jovenel Moise, li te jwenn ak anpil pwotestasyon nan mitan popilasyon an, men tou ak sipò administrasyon Biden la.
Diskou Biden Sou Eta Nasyon An
Premye Minis Ariel Henry ap goumen pou l rete sou pouvwa a. Nan moman lap eseye retounen Ayiti, gang ame yo fòse fèmti ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture la epi libere plis pase 4,000 prizonye nan penitansye yo.
Load more