Gouvènman Etazini an ap chanje jan li klase moun selon ras yo ak gwoup etnik yo, nan yon aksyon ki, dapre sa otorite yo espere, pwal konte pi byen moun ki idantifye tèt-yo kòm panyòl oubyen moun nan Mwayenn Oryan-an ak sa yo ki gen eritaj nan Nò Afrik la.
Barack Obama, Bill Clinton ak kèk gwo non nan mond lwazi a te mete ansanm, jedi swa, pou yo bay Prezidan Joe Biden yon gwo akèy nan New York, kote prezidan-an ranmase yon rekò plis pase 26 milyon dola pou kanpay re-eleksyon li.
Ayiti: Kanada Ap Evakye Sitwayen l | Ikrèn:Dmytro Kuleb an End | Khan Younis: Palestinyen yo An dèy
Nan yon Entèvyou ak VOA Kreyol avoka imigrasyon Lana Joseph eksplike koman anpil Ayisyen kap travèse fontyè Texas la Ilegal konye a ki nan prizon.
Administrasyon Biden nan ap fè kèk efò diplomatik pou rive gen chita-koze ak Kore di Nò e prezante piblikman kèk pwopozisyon pi klè pou angaje l ak peyi sa a, pou premye fwa depi Biden te moute nan pouvwa a.
Yon konsèy prezidansyèl ke anpil moun ap tann ann Ayiti, ki ta dwe pran tèt peyi a apre anons Premye Minis Henry ki te fè konnen lap demisyonen, li pibliye yon nòt Mèkredi 27 mas 2024 la kote li pwomèt pou retabli "lòd piblik ak demokratik".
Gran Tit Nouvèl Entènasyonal pou 28 Mas, 2024 Ayiti: Klinik Mobil ''Doctors of the World' ' Bay Swen Sante ak Medikaman Ak Moun Ki nan Kan Deplase yo.Etazini: Yon Tribinal Bloke lwa te mete pou arete migran ki antre fwontyè Texas la san papye. Gaza: Malnitrisyon nan Gaza
Otorite ameriken yo ap pare pou akeyi yon karavan imigran ki soti nan Amerik Latin nan. Jean Robert Philippe di nou karavan sa a demare nan moman eta Tegzas nan yon konfli ak gouvènman federal la sou yon nouvo lwa pou arete imigran yo ta sispèk ki ta rantre nan peyi a ilegalman
Kèk responsab Ayisyen nan Repiblik Dominikèn di yo kwè otorite peyi a ta dwe koute apèl kominote entènasyonal la lanse pou sispann depote Ayisyen nan moman sityasyon peyi a kawotik.
Otorite dominiken yo anonse yo pap kanpe sou depòtasyon ayisyen k ap viv nan peyi a san dokiman legal. Jean Robrert Philippe di nou otorite yo anonse yo pap akeyi refijye ayisyen lakay yo tou
Load more