Etazini ak Japon pwopoze ayè lendi a yon rezolisyon Konsèy Sekirite l-ONU an ki ensiste pou di ke nasyon yo dwe konfòme yo ak yon trete ki di yo pa gen dwa mete zam nikleyè nan lespas, yon mesaj ki sanble vize LaRisi.
Etazini pa ekate lide pou li kontinye gen prezans millitè nan Nijè, malgre yon deklarasyon jent militè peyi a ki di li ap mete fen nan yon akò ki pèmèt fòs ameriken yo rete angaje nan misyon kont teworis.
Jean Robert Philippe nan Dajabon, yon vil ki sitye sou fwontyè Repiblik Dominikèn pataje ak Ayiti, kote li pale ak plizyè migran Ayisyen ki deside retounen lakay yo.
Etazini ap òganize vòl charter pou evakye sitwayen Ameriken ki toujou ann Ayiti.
Valerio Saint-Louis al vizite yon legliz katolik nan San Juan, Potoriko, kote li rankontre yon monpè Ayisyen kap ede migran ki soti nan peyi d Ayiti reyalize rèv yo.
PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Otorite Caricom yo di plan pou kreye yon konsèy prezidansyèl tranzisyon an ap vanse apre majorite pati ak kowalisyon ayisyen yo te soumèt non moun ki responsab pou jwenn nouvo lidè pou peyi a.
Anvwaye Espesyal VOA Kreyòl Valerio Saint Louis nan Pòto Rico te rankontre ak plizyè etidyan Ayisyen ki a ap chèche konnen ki kote PM Henry ye sou tèritwa Ameriken an.
Dife pran Penitansye Nasyonal , videyo montre gwo nyaj lafimen nwa kap soti nan espas la, kote neg ak zam t al libere prizonye pi bonè mwa sa a. (Video: Reuters, AP)
PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) —Pwopozisyon pou enstale yon gouvènman tranzisyon ann Ayiti sanble ap kraze nan moman kèk pati politik rejte plan pou kreye yon konsèy prezidansyèl ki ta jere tranzisyon politik la ann Ayiti.
Load more