Anvwaye Espesyal VOA Kreyòl Valerio Saint Louis nan Pòto Rico te rankontre ak plizyè etidyan Ayisyen ki a ap chèche konnen ki kote PM Henry ye sou tèritwa Ameriken an.
Dife pran Penitansye Nasyonal , videyo montre gwo nyaj lafimen nwa kap soti nan espas la, kote neg ak zam t al libere prizonye pi bonè mwa sa a. (Video: Reuters, AP)
PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) —Pwopozisyon pou enstale yon gouvènman tranzisyon ann Ayiti sanble ap kraze nan moman kèk pati politik rejte plan pou kreye yon konsèy prezidansyèl ki ta jere tranzisyon politik la ann Ayiti.
Etazini dwe anplwaye tout mwayen ki nan men li pou depase LaChin nan konpetisyon, se pawol yon gwo responsab nan Depatman Deta ki pa vle non li site, ayè lendi a, pandan administrasyon Biden nan sot devwale bidjè li pou ane fiscal 2025 la.
NEW YORK (AP) — Repibliken yo nan Chanm Depite Etazini an ap vanse ak yon pwojè lwa ki ta mande konpayi chinwa ByteDance vann TikTok oswa fè fas a yon entèdiksyon aplikasyon an ozetazini menm lè ansyen Prezidan Donald Trump ap eksprime opozisyon kont efò sa a.
PORT-AU-PRINCE, Ayiti (AP) — Premye-Minis ayisyen Ariel Henry anonse li ap demisyone depi gen yon konsèy prezidansyèl pou fè tranzisyon an.
Premye Minis Ayisyen Ariel Henry anrejistre yon videyo an Kreyòl kote li anonse li pral demisyonnen apre fòmasyon yon konsèy tranzisyon prezidansyèl.
Prezidan peyi Salvado, Nayib Bukele deklare li ka jere pwoblèm gang peyi d Ayiti, men jan li te fè l lakay li.
Anvwaye espesyal VOA Kreyòl, Valerio Saint Louis, depi otel Pegasus nan Jamayik nan Kingston k ap akeyi reyinyon ann ijans Caricom sou sitiyasyon an ann Ayiti, ak prezans Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken
VOA Kreyol rive San Juan, Potoriko kote Premye Minis Ayisyen Ariel Henry ye. Nou pa wè manifestan devan otèl la. Responsab otèl la pat vle konfime si wi ou non PM lan ebèje la. Anpil kestyon ap poze kounyea sou kisa premye minis la pral fè. Valerio Saint Loui gen detay depi San Juan.
Load more